Ayiti politik : Ansyen senatè Dieuseul Simon Desras deklare, li rantre an oposisyon avèk gouvènman Alix Didier Fils – Aimé a.

03 – 05 – 2026
Plato Santral, Ayiti ____ (TRiboLAND) Ansyen palmantè depatman sant lan, Dieuseul Simon Desras, nan yon deklarasyon li fè nan mikwo laprès, li deklare, li an opzisyon avèk gouvènman Alix Didier Fils Aimé akoz li pa dakò avèk direksyon politik li pran ak peyi a.
Ansyen eli plato santral la, kwè genyen chwa ak desizyon gouvènman an pran ki pa repon’n ak vrè bezwen popilasyon ayisyèn an. Li anonse, li pral adopte yon oposizyon pou kontwole aksyon pouvwa a, epi denonse movèz jesyon gouvènman Alix Didier Fils – Aimé.
Toutfwa, anpil moun nan sosyete a kwè entèvansyon ansyen minis anviwonnen fantòm lan, Dieuseul Simon Desras, kapab enfliyanse lòt aktè politik yo, sitou nan yon moman kote politik la frajil anpil.
Nap siyale, plizyé obsèvatè fè konnen, se paske yo pa rele Dieuseul Simon Desras, yon antite ki finn epwize politikman vin fè pati pouvwa a ki lakoz li pran yon parèy pozisyon “Ti Kriye egri”.






