Yon manm gwoup gang “Chen Mechan” pran bwakale nan ba Nòdwès.

03/04/2026
Mawouj, Ayiti______(TRiboLAND) Popilasyon Mawouj la nan Ba Nòwès enskri yon solda gwoup gang “Chen Mechan” nan “pwogram bwa kale” a jounen lendi 02 mas 2026 la.
Selon sa kèk sitwayen kap viv nan lokalite Mawouj, Ba Nòwès fè konnen yo arive mete men sou yon jèn gason ki yo ta sispèk ki enplike nan kase biznis ak kay sitwayen yo nan lokalite a. Sa ki pirèd malgre sispèk la te anba men lapolis nan komisarya lokal la; pèp souvren ki te men yo, te oblije fè pye sòl e menm arive kraze pòt espas la e pwosede ak egzekisyon flanm dife sispèk la aprè ke yo te dekouvri li genyen yon tatoo gang “Chen Mechan” sou li.
Nan jou sa yo, Mawouj pa genyen bouch pou pale. Foustrasyon kap degaje nan mitan popilasyon an, se tèt koupe ak yon barik poud ki prè pou eksploze. Malgre yon latriye SOS ki lanse bay direksyon depatmantal Nòdwès la, aktivite kase kay ak dechèpiye biznis moun, arive fèt chak jou ki jou anba.
Kanta pou Mol Sennikola, Mawouj ak tout lòt komin nan ba Nòdwès la, pa gen chans pou bandi je enkoni!






