Atis, dansè, Jules Hippolyte Bertrand, pase premye nwit li nan gadavi komisarya Jeremi an pou yon dosye masisi

974

02 – 01 – 2024

Jeremi, Ayiti__(TRiboLAND) Aprè lapolis nan Jeremi finn arete, Jules Hippolyte Bertrand, alyas JAY B, ak manda pakè jiridiksyon Jeremi an anba akizasyon yon omoseksyèl ki pote non Modelaire Grandin, alyas Bizot, ki reproche atis lan, ki pa bal viza ke l te pwomèt li pou li te antre viv an Frans.

Modelaire Grandin, alyas Bizot, ki rekonèt ke li se yon omoseksyèl, fè konnen depi anviwon yon lane, lap troke konn li ak JAYB, vwala ke Jules ap abize l seksyèlman nan jwèt ‘lapen ak sisinay” san ke li pa respekte pwomès ke li te fè li antanke mennaj li.

Aksyon, malonèt sa yo, pou anpil moun nan sosyete a, se bagay grav. Se abominasyon! Se lòbèy ki kontrè ak manman lwa peyi a e ak LaBib. Se yon zak ki genyen rapò egalman ak atent entegrite sosyal endividi. Se vye malpwòpte ki ale kont lanate, dapwè refleksyon plizyè kouch moun nan depatman Grandans lan.

Comments are closed.