Dezyèm sòti week-end Rara pou sezon 2026 lan, dewoule san gwo ensidan nan komin Tigwav.

03/03/2026
Tigwav, Ayiti______(TRiboLAND) Dezyèm sòti week-end rara a, pou sezon 2026 lan, dewoule San gwo ensidan nan komin Tigwav, selon tout konsta yo.
Full – Force Bann, Chen’n Tamaren, Full – Rasta, Grap Kenèp, Florida Bann, Mannmannan, Aksidan, Tisidan, Senjak, Laflè, Ogèy Lajenès, Lanbi Grandlo, se kèk bann rara ki te defile nan 2èm week-end rara pou sezon 2026 lan nan komin Tigwav. Se te yon veritab manifestasyon kiltirèl san parèy.
Daprè konsta kèk obsèvatè, Tigwav sou wout pou l tounnen 2èm basyon rara aprè komin Leyogan nan tout peyi a. Nan sans sa a, responsab bann rara yo nan Tigwav, mete vwa yo ansanm pou mande ministè lakilti pou voye yon ekip vini sou tèren pou founi je gade pèfòmans bann rara yo kap pran jarèt seryèzman nan komin Tigwav.
Li enpòtan pou n fè remake, otorite minisipal yo entèdi tout aktivite rara nan komin Leyogan akoz bandi sangwen, kriminèl yo ki pran komin Gresye annotaj ki tou prè site Anakawona a.






