Pon apre EFACAP Lakoma an danje: ADTC lanse apèl ijan bay otorite yo

203
0
Share:
TRiboLAND

03/02/2026

Lakoma, Ayiti _____(TRiboLAND) Asosyasyon pou Devlopman Kominotè (ADTC) voye yon korespondans bay otorite konpetan yo nan komin Jan-Rabel pou atire atansyon yo sou eta grav pon ki twouve li apre EFACAP Lacoma, sou wout k ap sòti Pòdpè a. Daprè sa ki ekri nan lèt la, pon an ap degrade depi kèk tan, e sitiyasyon an vin tounen yon menas reyèl pou tout moun k ap sikile sou aks sa a chak jou. ADTC fè konnen plizyè rezidan deja eksprime gwo kè sote yo fas ak risk aksidan ki kapab lakoz menm pèt lavi.

Nan dokiman an, manm ADTC yo esplike degradasyon pon an rive nan yon nivo ki mande entèvansyon prese prese. Yo souliye danje a pa sèlman konsène chofè ak pasaje, men tou tout popilasyon ki depann de wout sa pou aktivite ekonomik ak sosyal yo. Anplis eta pon an, yo fè remak gen yon kivèt ki chita anvan pon an ki vin agrave sitiyasyon an, sitou lè gen lapli. Se poutèt sa yo mande pou pran mezi rapid pou sekirize zòn nan epi anpeche domaj materyèl ak pèt lavi.

ADTC di li pare pou kolabore ak otorite yo nan nenpòt rankont oswa kowòdinasyon ki ka fasilite yon aksyon imedya ak dirab. Asosyasyon an espere apèl sa a ap jwenn tout atansyon ki merite pou pwoteje lavi sitwayen yo ak garanti sekirite sou wout la. Sitiyasyon sa a vin mete anfas responsab yo nesesite pou aji san pèdi tan pou evite yon trajedi.

Share:

Leave a reply