Ajan PNH yo sezi yon yèm fwa ankò yon krèy zàm nan Sen Mak

467


Sen Mak_____(TRiboLAND) Yon lòt dap piyanp ankò sou yon latriye zàm ke lapolis arive sezi nan Sen Mak, depatman Latibonit jodi madi 29 desanm 2020 an.

Yon sous pwòch otorite yo nan depatman Latibonit la konfime Lapolis nan vil Sen Mak konfiske nan yon kamyon mak “Isuzu” yon krèy zàm san konte yon kagezon katouch. Konsa, fòs lòd yo arive mete anba kòd 2 prezume sispèk, daprè komisè vil Sen Mak la ki chwazi pa bay tròp detay.

Antouka, tankou konsta yo montre ke, kriminèl k’ap fè zàm antre anndan peyi Dayiti toujou santi yo konfòtab pou pase ak yo pa Sen Mak depreferans.

Comments are closed.