Doktè Frantz Large, realize yon vant siyati nan vil Jeremi.

03- 02- 2026
Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Nan kad misyon sivilizasyon sosyete ayisyènn lan, doktè Frantz Large realize pandan wikenn lan, yon vant siyati liv nan lokal Alyans Fransèz Jeremi an, kote plizyè lektè, inivèsitè, kretyen fidèl legliz katolik kou pwotestan te fè deplasman pou achete ak sipote vant liv sila ki fè anpil pale.
Daprè doktè Large, yon parèy liv, ki genyen pou tit “Byen pi fò ke lanmò”, ke li rele tout lavi aprè lanmò. Se yon fason pou reflechi sou lavi ak lanmò; eske lanmò se fen konsyans lòm, oubyen eske se yon lòt dimansyon lavi? Nan liv sa a, Large fè refleksyon pèsonèl pou limenm ki depase sa lòt moun panse ak reflechi nan sans pa yo.
Nap fe remake doktè Frantz Large, se vis prezidan Chanm Komès ak Endistri Sidès, fòmasyon pwofesyonèl. Li te etidye medsin nan inivèsite Leta Dayiti, se yon oftalmològ ki etidye nan peyi Etazini e Bwezil, se yon atizan, yon jounalis defòmasyon; kidonk, Large antan ke pwofesyonèl polivalan ankouraje patizan, senpatizan ak tout lektè pou li yon parèy liv ak anpil atansyon; yon zouti ki kapab ede moun itil sosyete a.






