A kèk jou avan santenè Lopital Sen Antwànn nan Jeremi, pwoblèm yo anpil!

888

06-28-2023

Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Konstri 7 jwiyè 1923, sou rèy okipasyon blan meriken, Lopital Sen Antwànn nan Jeremi, swadizan pi gro enstitisyon sanitè depatman Grandans lan, an malmakak lavèy selebwasyon santenè li. Lopital la, selon direktè medikal la, doktè Stanley Verrier, ap prang wo lanm e pa kapab reponn ak bezwen popilasyon an.

Doktè Stanley Verrier

Selon responsab la, me pami kèk enpas ki mete lopital la plat atè: difikilte pou apwovizyone yon gwoup elektrojènn SDMO an kabiran, ou absans enèji pou fasilite alimantasyon tout sevis soyn jeneral yo, absans resous imèn apwopriye ke Joe Biden ranmase, sibvansyon ki pa genyen pou sipòte plan aksyon HAS; se tout yon ansanm kontrent majè ke enstitisyon an ki an defayans ap travèse, daprè doktè Verrier.

An tèm objektif, direksyon HSA mete kanpe yon komite santenè, kap sou pye pou yon lane; li konpoze avèk divès sektè ki genyen atribisyon pou mete kanpe pou tout bon lopital Sen Antwànn nan yon nivo “Lopital Inivèsitè”.

Nap raple, pou make santenè a, divès aktivite sòlòkòtò ap sou pye. Yo ap kòmanse depi premye jwiyè pou rive sèt jwiyè 2023 a.

Comments are closed.