Dwayen tribinal premye enstans Jeremi a kalifye absans asiz kriminèl nan jiridiksyon se yon vyolasyon grav dwa detwi yo

07 – 20 – 2026
Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Chèf tribinal sivil premye enstans jiridiksyon Jeremi an, mèt Jean Michelet Seide denonse ak tout fòs li lòt aktè yo nan sistèm jistis lan nan Jeremi an. Li lonje dwat pou yon ènyèm fwa sou sa yo ki pa fè absoliman anyen pou fasilite pwosesis asiz kriminèl yo nan jiridiksyon an pou ane jidisyè 2025 – 2026 lan.
Pou chèf dekana a, patikilyèman nan nivo pakè jiridiksyon Jeremi an, okenn paketye pa fè swivi sou dosye prizonye yo ki ap jemi dèyè bawo nan prizon sivil lan. Anpil nan dosye korepsyonèl sila yo, lye ak kesyon vyòl, vòl men ame, e malfektè; san konte dosye penal yo.
Dwayen Seide ale pi lwen pou fè konprann, konpòtman anti demokratik sa yo bò kote paketye yo, rann plis prizonye pase ilegalman plis tan ap bwè prizonye; yo viktim de sa yo rele detansyon prevantiv pwolonje , e sa okazyone anpil nan yo mouri san ke yo pa pase devan yon tribinal kèlkonk jis pou konnen sò yo konsènan akizasyon yo pote kont yo.






