Nan objektif pou pwoteje resous natirèl Grandans yo, direksyon depatmantal ministè Anviwonman, ak sipo teknik PNUD realize yon jounen atelye fòmasyon.

271
0
Share:
TRiboLAND

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Divès sèktè kad teknik pwofesyonèl nan kesyon Anviwonman te prezan nan lokal Carld Edwards Peeters pou bwase lide sou enpòtans ak nesesite pou pwoteje biyodivèsite ou resous natirèl ki nan depatman Grandans lan.

Diferan entèvenan yo ki te ap pran lapawòl, te mete aksan sou pwoblèm ki genyen nan fason pwòp ayisyen ap sabote Anviwonman an, nan jete fatra ki ap detri espès natirèl yo, tankou fenomèn koupe pye bwa a, ki pwovoke disparisyon ou abandon tout yon seri espès natirèl sou tèritwa teritwa ayisyen an. Trè souvan, espès sila yo prefere émigre nan lòt sistèm ki pi reponn ak bezwen yo.

Deba yo trè anime avèk patisipasyon yon bon valè sitwayen ki te divize an diferan group refleksyon ak travay. Konsa, yon parèy kolòk te genyen patikilyèman objektif pou sansibilize manm sosyete a, yon fason pou pwan konsyans ak angajman pou rezoud pwoblèm anviwonmantal la, ki pa diferan ak kòripsyon kap efondre peyi a.

Share:

Leave a reply