Gwoudou gwoudou 7,2 magnitid : bilan patyèl 29 e eta dijans dekrete pou yon mwà

1,177

08/14/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Gouvènman Ayisyen an pweokipe e deplore pasaj tranbleman tè ki fwape peyi Dayiti ak yon magnitid 7,2 selon echèl Richter a maten samdi 14 out 2021.

Pou fè fas kare ak pare kou, pwemye minis Ariel Henry anonse ou dekrete Eta Dijans sou tout tèritwà nasyonal la. Jouska pwezan otorite yo prezante yon bilan pasyèl ki estime a 29 mò, yon chif yo panse ki kapab galope nan nenpòt ki lè; alòske ekip sekouris tout kalite ap fè bwàs pou koutinye repeche moun ki anba dekonm.

Sepandan, gouvènman Ariel la mande popilasyon ayisyèn nan fè anpil pwidans e jefò ak dilijans ap miltipliye pou asiste viktim yo, dapwè yon rankont an ijans ant gouvènman ayisyen an ak patnè entènasyonal nan Sant Ijans Nasyonal nan Pòtopwens.

Comments are closed.