Wanament/Dràm : Yon jèn gason mouri nwaye nan larivyè Masak

2,290

05-23-2022

Wanament_____(TRiboLAND) Larivyè Masak, ki te rele Guatapana sou tan endyen yo e ki separe Wanament ak Dajabon, ofri samdi dènye a yon sèn tris lòske residan yo te dekouvri yon kò san vi nan yon basen kote ke moun abitye lave.

Kidonk, Kendy Marseille se non jèn gason an ki arive pèdi lavi l nan larivyè a. Enfòmasyon yo fè kwè ke se pandan viktim nan te ansanm ak gran sè li ki tap lave arive neye. Nan deklarasyon gran sè a, ki pat kapab kenbe dlo nan je, fè konnen Kendy t ap benyen nan basen an depi vè 10è nan maten. Konsa, li vin plonje e yo pat janm wè pwent tèt li; sejous vè 3 zè nan aprèmidi, aprè anpil rechèch, moun ki te prezan nan espas la ta pràl dekouvri kadav Kendy ki te vin monte anlè dlo.

Aprè konsta legal Jij depè, fanmi lan te pran kò a e ale mete l nan yon mòg prive nan vil la Wanament. Yon dràm par`ey pa nouvo nan basen sila ki trouve li nan antre Pon Kodevi a. Genyen lòt ka nwàyàd ki fèt deja nan yon espas ki pa sispan lage dèy nan rejyon Nòdès la.

Jn simon Manex

Comments are closed.