Mécène Jean Louis: nouvo prezidan dezinye a felisite kouraj pèp ayisyen e swete wè yon jarèt entènasyonal

199

03/02/21

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Prezidan dezinye opozisyon peyi Dayiti a, Joseph Mécène Jean-Louis reaji aprè mega mach 28 fevriye 2021 an kont diktatè a. li bat bwavo ak lakontman pou devouman ou konbativite pèp ayisyen an ki te soti an mas pou bay yon repons nan fason vale demokratik li yo ap pyetine.

“Ou enpoze ou e mache avèk fòs kont diktati, kidanapping, kòripsyon, krim finansyè, krim sanginè, vyolasyon sistematik dwà moun ak pou respè Manman Lwà peyi a, ak pou yon chanjman radikal,” daprè nouvo prezidan an, Mécène Jean-Louis ki tap felisite pèp ayisyen an nan yon mesaj.

Prezidan dezinye a ajoute, se moman pli ke jamè pèp ayisyen an bezwen yon jarèt bò kote antite entènasyonal yo.

Comments are closed.