Jakmèl Ant Rèv ak Tradisyon : Lansman Ofisyèl Kanaval 2026 la fèt nan Meri a

01/19/2026
Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Meri Jakmèl, ansanm ak komite òganizasyon kanaval la, lanse ofisyèlman sezon kanaval 2026 lan jodi dimanch 18 janvye 2026 la, nan sal konferans Meri a. Seremoni sa a te fèt an prezans plizyè otorite lokal, yon delegasyon Ministè Kilti, kad enstitisyonèl, aktè kanaval yo, aktè kiltirèl ak reprezantan òganizasyon sosyete sivil la. Lansman an make kòmansman yon peryòd fèt ak kreyativite pou vil Jakmèl, ki toujou rekonèt kòm youn nan pi gwo referans kiltirèl peyi a.
Pou edisyon ane sa a, tèm ki chwazi a se « Jakmèl nan rèv nou », yon tèm ki pote yon gwo chay senbolik e ki vize rann omaj ak gran ekriven ayisyen René Depestre. Atravè tèm sa a, òganizatè yo vle mete aksan sou imajinasyon, espwa ak richès kiltirèl Jakmèl, pandan y ap ankouraje atis ak gwoup kanaval yo eksprime vizyon yo sou lavni vil la ak idantite kiltirèl li.
Nan entèvansyon yo, merès Jakmèl la Loudie César, delege depatmantal la Jude Pierre Michel Lafontant, direktè depatmantal Polis la Magalie Belneau ansanm ak komisè gouvènman an an fonksyon, Clément Jouloute, lanse yon apèl klè bay tout kanavalye ak kanavalyez. Yo mande pou chak patisipan aji ak responsablite, respekte règ yo epi montre bon konpòtman pandan tout sezon kanaval la, pou fèt la ka pase nan lapè, sekirite ak respè pou tout moun.






