Egzamen Leta pou sesyon rekale yo: prèske 11,000 kandida mobilize

274

03/15/2021

Pòtoprens______(TRiboLAND) Sesyon rekale yo pou Egzamen Leta yo konmanse jodi lendi 15 màs 2021 an, daprè sa biwo nasyonal egzamen Leta a nan Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl anonse.

Selon otorite edikasyonèl yo, genyen apeprè 11,000 kandida ki konte subi eprèv ofisyèl yo swa 6,149 nan segondè tradisyonèl ak 4,850 nan segondè renove.

Konsa, daprè ministè a, rekale yo ap genyen pou yo subi evalyasyon nan matyè ke yo pat janm fè mwayèn yo. Sesyon sila, ki se pwemye sesyon mesye dàm rekale yo pou ane akademik 2020-2021, kòmanse jodi lendi 15 màs la pou rive jedi 18 màs 2021. Ministè a konte sou konpreansyon ak kolaborasyon tout antite konsène pou yon bonjan dewoulman ak reyisit egzamen yo.

Comments are closed.