Dram nan Kanaval Okap la : de Moun blese ak bal, youn mouri sou kabann lopital

02/18/2026
Kap Ayisyen, Ayiti ______(TRiboLAND) Nan 3e jounen gra a, ki te make dènye jou Kanaval la, madi 17 fevriye 2026 nan vil Okap, yon evenman tris boulvèse festivite yo. Ozanviron 1è nan maten, nan zòn ri 16 ak 17 L, pou pi piti de (2) moun resevwa bal: yon jèn fi ak yon jèn gason, daprè plizyè medya ki te sou plas.
Malerezman, jèn gason an rann dènye souf li sou kabann lopital Justilien. Jèn fi a, bò kote pa li, ap resevwa swen nesesè pou estabilize eta sante li.
Dram sa a mete yon gwo lonbraj sou fen festivite yo, pandan popilasyon an ap mande plis mezi sekirite pou evite lòt trajedi konsa nan gwo rasanbleman piblik yo.
Oken detay ofisyèl poko bay sou kantite moun ki viktin nan Site Christophe la.






