Gadkòt ameriken poze men sou 110 konpatriyòt ayisyen ki t ap pati kite peyi Dayiti

258

12/22/20

Kap Ayisyen____(TRiboLAND) Gadkòt ameriken depoze sou waf Kap Ayisyen an, depatman Nò peyi Dayiti, jounen madi 22 desanm 2020 an, 110 konpatriyòt ayisyen ki te nan yon tibato e ki t ap trese lèl pou kite peyi dayiti pou zafè pabon ak ensekirite, daprè deklarasyon kèk nan konpatriyòt sa yo.

Pami 110 konpatriyòt sa yo, te genyen 88 gason ,16 fanm ak 6 timoun piti, selon Kerwin Augustin ki limenm se responsable biwo Ofis Nasyonal Migrasyon depatman Nò a (ONM). Responsab migrasyon Nò a, rabat pou’l di se nan dat vandredi 18 desanm 2020 pase a, Gadkòt Ameriken ta entèsepte boatpeople ayisyen sa yo nan mitan gro dlo sale nan moman yo t ap kase bòde a kèlke kilomèt peyi Bayamas.

N ap fè remake e selon enfòmasyon yo, 110 konpatriyòt sa yo te soti nan l0 depatman jewografik diferan peyi; e se nan depatman Nò vwayàj klandesten an te òganize. Kanta 6 timoun yo ki te patisipe nan virewon saa , IBERS( Enstiti Byennèt Sosyal ak Rechèch),nan depatman Nò , te pran yo sou responsabilite l.

Saint Jean wiskis

Comments are closed.