Divès sitwayen lanse inisyativ pou netwaye chan avyasyon Pòdpè a

339
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon gwoup sitwayen ayisyen, kit nan peyi a kit nan dyaspora a, pran inisyativ pou netwaye chan avyasyon Pòdpè a ki yon menas ekolojik. Espas ensalibwite sila ki kouvri yon espas aterisaj pou avyon, pa sispan fè bouch lonje ak lawont nan pwoliferasyon fatra, dlo, e latriye.

Mouvman sa a pote siyati plizyè òganizasyon tankou ONPE, COSICO, JENERASYON PAM, POPILASYON, Lig Pastè yo, ansanm ak lòt manm nan popilasyon an.

Nan mikwo Radio Marconi, Eugène Stevenson fè konnen travay netwayaj la ap fèt chak aprè midi, soti 5è rive 10è aswè, avèk sipò Direksyon Depatmantal MTPTC nan Nòdwès.

Sitwayen yo lanse yon apèl bay tout pitit Pòdpè ak depatman an pou mete men, yon fason pou retire chan avyasyon an nan sitiyasyon malouk li ye a.

Plizyè vwa nan site Kapwa Lamò a swete, apre gwo efò sa yo, pou gen bon jan mezi ki pran pou kenbe espas la pwòp ak fonksyonèl.

Share:

Leave a reply