Aksidan sikilasyon sou wout ayewopò vil Jeremi an: yon mò ak 2 blese grav

797

08- 29- 2023

Jeremi, Ayiti ( TRiboLAND) Yon gwo aksidan sikilasyon pwodwi sou wout ayewopò vil Jeremi an, Nan Nimewo 2, nan koub Mònn Tamarin, vè zè 15 minit, apwèmidi madi 29 dawout 2023 a nan vil Jeremi.

2 chofè taksi moto, ki tap fè kous al fwape bab poubab ak yon komyon Mack, plak TM 31370, koulè wouj e nwa. Bilan an 2 blese grav, yon chofè taksi moto, ki se Wender alyas Ti Mouton, mouri san bat.

Chofè kamyon an, pat pwan tan pou te mete van nan vrèl li; alòske lapolis ak jij Depè pat pwan tan pou te rann yo sou lye aksidan an, pou fè konsta legal kadav la ak leve kadav lan, yon fason pou libere wout ayewopò a.

Comments are closed.