Divès Direktè lekòl nan 2èm seksyon Tigwav, òganize egzamen pou elèv 6èm ane fondamental.

07 – 09 – 2024
Tigwav Ayiti ___(TRiboLAND) Divès Direktè lekòl nan 2èm seksyon kominal Tigwav, pami yo Illace Saint Jean, Labady Carlot, Willio Bonange, Duplessy Fritz, ak Chadik Benisson, pran desizyon pou òganize nan lekòl kominotè Kipèlye. Yon parèy desizyon fokis plis sou egzamine elèv 6èm ane fondamantal yo k’ap kòmanse maten lendi 08 jen 2024 la, ki prevwa fini jedi 11 jen kap vini la a.
Selon Direktè lekòl yo, yo jwen finansman yon pwogram ki rele “Èd Toujou Nesesè” pou yo reyalize egzamen an. Elèv yo ap evalye nan tout matyè ki nan pwogram ministè edikasyon Nasyonal. Pou jounen lendi maten an, yo evalye nan kominikasyon Kreyòl e Syans sosyal; nan apwèmidi yo konpoze nan kominikasyon Fransèz ak Syans Eksperimantal.
Toutfwa, Direktè lekòl yo ki deklare si yon elèv pa reyisi nan egzamen an, li pap kapab al fè klas 7èm ane fondamantal li.