Administrasyon kominal Gran Gwav entèdi moun reprezante kò BSAP san yon lètt Ministè Enteryè.

08 – 13 – 2024
Gran Gwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Administrasyon kominal Gran Gwav la, nan yon entèvyou ak repòte TRiboLAND Média jounen lendi 12 dawout 2024 la, entèdi moun reprezante kò BSAP la san yon otorizasyon Ministè Enteryè.
Lameri deklare yo deja chite pale ak lapolis e lajistis pou pran bon jan dispozisyon pou arete tout moun ki antre tèt yo nan kò BSAP ki san kontwòl. Komisyon kominal Gran Gwav la di yo konstate genyen nèg ak zam ki vle fè tèt yo pase kòm ajan BSAP.
Toutfwa, administrasyon kominal enterimè komin Gran Gwav la, ki pa vle popilasyon an viktim, mande yo pou kolabore ak lapolis, lajistis nan kad dosye kò BSAP ki vle enplante ilegalman nan vil la.







Mw felisite Fondasyon TRIBOLAND lan Pou bon Jan enfo sa yo
TRIBOLAND latortue