Vil Jeremi akeyi Lebrum Dienie Love, jwez seleksyon nasyonal fanm ayisyènn kategori U-17 an.

223
0
Share:
TRiboLAND

02 – 05 – 2026

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Triyonfalman jounen jedi 05 fevriye 2026 lan, vil Jeremi akeyi jwèz Lebrum Dienie Love, pitit fi vil Jeremi ki fè pati seleksyon nasyonal ayisyènn U-17 lan . Fanmiy, zanmi, patizan ak senpatizan atlèt la, te pote boure nan yon anbyans mizikal; yo te eskòte vèt espotiv la e fè wonn vil Jeremi an sou gro dispozitif sekirite popilè.

Papa jènn jwèz la, Paulson Lebrum eksprime kontantman li akoz patisipasyon pitit fi li ki te al reprezante peyi Dayiti nan mond foutbòl mondyal lan. Konsa. mesye Lebrum pat manke ankouraje jenès lan, pou pwan oserye etid yo ak sa yo konnen kòm metye nan lavi yo.

Share:

Leave a reply