Pakè Pòdpè make yon paj listwa ak sèman ofisyèl 3 prèt vodou

357
0
Share:
TRiboLAND

02/05/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon gwo evènman istorik make Pakè Pòdpè, mèkredi 4 fevriye 2026 la, kote twa (3) prèt vodou prete sèman ofisyèlman devan lajistis. Se yon seremoni ki dewoule nan kad rekonesans legal relijyon vodou a, dapre dispozisyon Konstitisyon ayisyèn nan ki garanti libète relijyon pou tout sitwayen. Sou lidèship Ductan Egzekias ki nan tèt Ministè dè Kilt nan Nòdwès

Otorite jidisyè yo nan Pakè Pòdpè te pwofite moman an pou raple vodou se yon eritaj kiltirèl ak espirityèl ki fè pati idantite pèp ayisyen an. Dapre yo, vodou pa dwe sèvi kòm zouti pou fè mal, men pito kòm yon senbòl fyète, diyite ak memwa istorik pèp Ayisyen an, depi pratik li respekte lalwa ak dwa moun.

Seremoni sa a reprezante yon pa enpòtan nan direksyon respè ak entegrasyon tout relijyon yo nan sosyete a. Anpil obsèvatè konsidere evènman an kòm yon avansman nan batay kont prejije ak stigmatizasyon vodou a, pandan li ranfòse prensip tolerans relijyez ak viv ansanm nan depatman Nòdwès la.

Share:

Leave a reply