Konsèy elektoral pwovizwa a demare ak yon seyans fòmasyon twa jou pou karant jounalis depatman Grandans peyi a.

71
0
Share:
TRiboLAND

05 – 04 – 2026

Jeremi, Ayiti_______(TRiboLAND) Nan objektif pou ede jounalis yo ranpli wòl, dwa ak devwa yo, sou tèm “Medya ant etik ak deontoloji”, konsèy elektoral pwovizwa a, nan tèt kole avèk biwo elektoral depatmantal Grandans lan, demare ak twa jounen fòmasyon.

Gwo sòlòkòtò jounalistik sila ap dire 3 jou; se yon anbyans ki vize pou sansibilize direktè medya ou tout konfrè lapwès atravè diferan komin depatman Grandans lan.

Yonn nan fòmatè yo ki se pwofésè Jean Foreste Gérome, te mete aksan sou kesyon otonomizasyon enfòmasyon yo, an tèm responsabilite; san teni kont de rapò sosyal yo. Finalman, Pwofésè Gérome rabat pou li di, ke jounalis la pa dwe itilize mikro a kòm yon fistenbal, pou fistije yon pèsonalite ou yon otorite kèlkonk.

Share:

Leave a reply