Fondasyon TRiboLAND : 3 jounen fòmasyon gratis pou jèn nan komin Karis reyèlman

Karis, Ayiti_____(TRiboLAND) Toujou nan objektif pou dekouraje jenès ayisyèn nan tounen esklav gang ak politisyen mal entansyone, Fondasyon TRiboLAND, ofri yon lòt fwa ankò 3 jounen fòmasyon gratis nan komin Karis, depatman Nòdès peyi a.
Jodi dimanch 10 dawou 2025 lan, plis pase 72 aprenan tout kalite, pral mete fen nan patisipasyon yo nan 3 jounen fòmasyon gratis ke Fondasyon TRiboLAND tap delivre nan komin Karis. Seyans fòsmasyon sila yo, ogmante yon seri fòmasyon ki te deja delivre nan lokalite si la, yon fason pou kwape delenkans jivenil, pwostitisyon ak enfliyans malsèn gang ak politisyen.
Antouka plis pase 72 jèn benefisye ekspètizm fòmatè pwofesyonèl byen koni, Jonh Kervenst nan Lise Filip Batelemi a nan Karis. Aprenan yo ki te soti nan diferan rejyon, te anime ak bonjan volonte pou metrize teknik manyèl nan sa ki genyen pou wè avèk transfòmasyon fwi ak resiklaj bidon plastik.
Nou vle raple, fòmasyon Fondasyon TRiboLAND yo pa finanse anba lobedyans ni politisyen, ONG, blan je vèt, misyon, legliz, lekòl e latriye; se inikman zèv ou mwayen finansye yon senp sitwayen ayisyen ki rete kwè, si jenès la jwen yon ti booster (soft skills) nan konpetans abilite ou manyèl, l’ap kapab rete lwen malvèsasyon ou kòripsyon siviv fas ak mizèrere kap fwape pòt peyi Dayiti. Mouvman TRiboLAND lan, pan genyen oken afilyasyon politik e relijyez, 2 tandans ki ta sanble egalman kontribye nan destriksyon peyi lakay.
Konsa, TRiboLAND ap reklame priyè tout sa yo ki kwè nan pozitivite! Mouvman an pa sispann resevwa menas, zak sabotaj ak entimidasyon, akoz latriye fòmasyon kap distribye gratis atravè peyi Dayiti. Antouka, determinasyon an toujou la! Randevou kase pou yon lòt zòn ak yon lòt group jèn pou yon lòt fòmasyon gratis!






