Plizyè anbilans ki ta dwe ap sèvi depatman Nòdwès la nan plizyè komin, ap wouye nan Dwàn Pòtoprens lan, akòz neglijans otorite sanitè sangwen.

900

08-10-2023

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Otorite sangwen lakay depase mechan kolon yo! Pou pi piti 3 anbilans ki ta dwe al sèvi 3 komin nan depatman Nòdwès la, tankou : Jan-Rabèl, Mol-Sennikola ak Sen-Lwidinò, ap wouye nan Dwàn Pòtopwens, se kri dezespwà Ifrène Bodelet, yon orijinè nan komin Jan-Rabèl.

Ifrène Bodelet, ki tap pale fè konnen, anbilans sa yo se Don peyi Japon ak plizyè depatman sanitè nan peyi a, pou evite twòp malad mouri pou kòz transpòtasyon.

Nan sans sa a, Ifrène Bodelet lanse yon kri “Anmwey Sekou” bò kote otorite sanitè yo nan Nòdwès, pou mache prese, prese, pou rekipere anbilans sa yo kap dekore lakou Dwàn Pòtopwens lan depi nan mwa fevriye.

Nap raple, se te menm konpòtman kriminèl ke otorite yo tea fiche ak don diri japon an ke yo te pwefere kite gate olye pou yo te distribye li bay popilasyon an.

Si nou manti, devwale sa! Dirijan sangwen lakay yo, merite plis ke “Bwa Kale”!

Comments are closed.