Yon evade prizon tonbe anba bal komisè gouvènman Miragwàn nan, nan 4è seksyon Sen-Michel.

822

Komisè gouvènman Miragwàn nan, Jean Ernest Muscadin, vide atè, yon evade prizon ki pote non, Lorven Delica, anba Mòn Bose, nan komin Miragwàn.

07-06-2023

Miragwàn,Ayiti____(TRiboLAND) Komisè gouvènman pakè Miragwàn nan, Jean Ernest Muscadin, deside tout bon vre kontinye mete dòmi nan zye bandi yo.

Byen bonè maten mèkredi 05 jiyè 2023 a, Lorven Delica, yon evade nan prizon Pòtoprens, chèf gang 5 segond, tonbe anba bal komisè a, nan Sen Michel, 4è seksyon kominal, komin Miragwàn.

Enfòmasyon yo fè kwè, chèf pakè Miragwàn nan te deja mete alèt wouj sou bandi sila, ki se manm gang 5 segond kap opere nan lokalite Village de Dieu.

Nan sans sa a, plizyè manm nan popilasyon Miragwàn nan ki te kont viktim zak malonèt chèf gang evade kriminèl la, Lorven Delica, bat bravo lakontantman, pou gwo travay komisè gouvènman pakè Miragwàn nan, Jean Ernest Muscadin, lè’l deside fasilite bandi vwayaje pou peyi san chapo.

Comments are closed.