Jan sa te anonse, lidè Fron pou Rekonstri Nasyon an (FRN), Guy Philippe pase premye nwit li nan Jeremi.

1,097

12- 04 – 2023

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Jan sa te anonse, lidè Fron pou Rekonstri Nasyon an (FRN), Guy Philippe debake aswè lendi 4 desanm 2023 a nan Grandans, aprè l te finn desann yon avyon komèsyal nan Aeodwòm Antwann Simon nan Okay.

Se avèk anpil efori ak yon chay kontantman, abitan nan zòn Katich, Plenn Maten, Dichity, Kafou Zaboka te kandale pote boure nan direksyon rantre Pestel. Kanta pou moun Bomon, Kafou Chal, Wozo e Jeremi, yo tout tef è yon fwon komen pou te akeyi ansyen senatè eli Grandans lan, Guy Philippe ki pat rive pwan syèj, nan Sena Repiblik lan.

Patizan, Senpatizan Guy Philippe yo, malgre fènwa, blakawout ki genyen nan vil Jeremi, sa pat anpeche yo pakouri divès ri nan vil lan, e kondwi lidè FRN lan, nan lye ke l te dwe al repoze l. Guy Philippe pase premye nwit li nan Jeremi apwè 6 lane pwizon lakay Tonton Sam!

Tansdike, foul lan ki tap akeyi Guy Philippe lan, tap di aba Premye minis Ariel Henry, viv Guy Philippe, viv komisè Jean Ernest Miscadin.

Comments are closed.