Dram nan Monwi: Bandi san sal rache an timiyèt moso yon jenn elèv 17 lane

210
0
Share:
TRiboLAND

01/18/2026

Lwès, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon zak laterè frape komin Monwi jounen jedi 15 janvye a. Rolens Debreton, yon jenn gason ki te gen sèlman 17 lane, pèdi lavi li nan kondisyon ki bay frison, anba men bandi san fwa ni lwa ki fè pati gwoup Viv Ansanm Kanaran, ke anpil moun idantifye kòm “Taliban”.

Daprè enfòmasyon ki disponib, bandi yo te anvayi lakay viktim nan, yo rale l deyò manu-milirari. Yo te koupe de (2) ponyèt li ansanm ak de (2) pye li, avan yo mare rès kò a dèyè yon machin pikòp kote yo trennen l san okenn pitye.

Rolens Debreton te elèv Nouvo Segondè 3 nan Lise Nasyonal Monwi.

Temwayaj plizyè sitwayen fè konnen jenn gason an te deja kache, men li te retounen lakay li sou demann paran li, aprè bandi yo te lanse mesaj bay popilasyon an pou tout moun retounen lakay yo, sou pretèks yo pa t ap fè pèsonn mal.

Zak sa a soulve gwo endiyasyon ak tristès nan mitan fanmi viktim nan, kamarad lekòl li yo, ak tout kominote a. Anpil vwa ap leve pou mande jistis fas ak krim sou tout fòm bandi yo ap fè, pandan popilasyon an kontinye viv nan laperèz fas ak ensekirite k ap gangrennen peyi a.

Konsa, popilasyon endinye a, pa sispann mande ekstèminasyon gang tout kalite, soti sou gang mikwòb rive sou gang politisyen akravat.

Share:

Leave a reply