Lapolis efektye yon gro operasyon tranble janm nan Kanaan 5: 2 prezime bandi sangwen al bwachat

1,240

11-24-2022

Nan gro boukantaj kout zam ant bandi sangwen nan Kanaan 5 avèk Polis Nasyonal la, 2 bandi sangwen ki tap opera nan zòn Kora you “Estasyon Sab”, arive blese mòtèlman yè mèkredi 23 novanm 2022 a.

Vilguens Edouard ak tout kòkòday li, Charles Rootler ki se manm group gang Kanaan 5, mouri krible anba bal nan moman yo tap boukante kout zam ak yon patrouy Inite Depatmantal Mentyen Lòd (UDMO nan Kwà Dèboukè.

Nap raple, Vilguens Edouard e Charles Rootler se te 2 gro lwijanboje ki tap pratike brakaj ak detounen kamyon machandiz.

Comments are closed.