Nòdwès: Yon lòt nòt tris pou yon lòt mapou ki tonbe ankò nan Beauchamp

0 744

Beauchamp__(TRiboLAND) Yon lè nou fèt, yon lè pou nale! Pèsònn pat panse kèk mwa li pèdi gran frè li ki se Pastè Saintmoine Louissaint ke Solitere Louissaint ta pwal pran menm wout sa pou yon vwayaj san retou. Li mouri Vandredi kite 17 Janvye 2020, apwè li te pase yon ti bout tan nan yon ospis nan Branford nan Connecticut.

Apwè ke Soso te pase yon bon bout tan nan Bahamas, nan ane 1980 li deside travèse nan peyi Etazini pou yon pi bon stabilite ekonomik. Travay du, pa gen tankou l, gason entèg e zanmi tout moun, sitou sa yo ki te toujou wè nan li yon papa bon kè, yon moun ki afab e ki te egalman renmen lavi ak tout sa Bondye bay lavi. Soso ki te yonn pami gwo Chèf Kwizinn Marriott Hotel yo, te jwenn anpil admirasyon ak respè kliyantèl otèl senk etwal sa. Pou kèk nan gwo responsab Marriott yo, Soso te yon veritab asèt nan ofri yon menu otantik e entènasyonal pou tout kouch vizitè.

Solitere Louissaint, alyas Soso te pran nesans 26 Fevriye 1944 nan yon fanmiy modès e trè respekte nan Beauchamp, Nòdwès peyi Dayiti. Nan laj 16 zan, trè jènn Soso te gentan ap fè vwayaj ale retou nan ant Ayiti e Bahamas. Nan laj 25 lane, Soso mete bag nan dwat yon “pwensès” ki te rele Ossitane Elouidor. Marye 25 Septanm 1969 nan Katedral Pòdpè a. Jènn koup la bay nesans a 2 bèl bijou timoun; Louitane Louissaint, alyas “Baby” e Marc Louissaint.

Soso, ki se yon vrè travayè, te fè tout sa ki imajinab pou reponn ak bezwen yon fanmiy ki tap viv lwen de li. Li te arive antre 2 pitit li yo nan peyi Etazini alòske pat gen chans pou madanm li, Ossitane antre tou, ki ta pral mouri 3 mwa apwè timoun yo finn antre. Apwè depa pwensès, lavi pat tèlman gen sans pou Solitere. Li te fè kèk lòt eksperyans, franchman se te malman. Solitere te oblije ap fè antre sòti ant Etazini e Ayiti. Se te nan ane 2000 ki li te arive rele tèt li “Soso2000,” yon non apwè ki te fè li devni yon “kool supèsta” ke tout moun renmen wè.

Nan lane 2012, Soso2000 deside pran pansyon li e retounen viv nan peyi Dayiti. Li kreye nan zònn kote li te fèt la, yon pakèt aktivite. Anbyans chak Samdi swa pou ede lokalite a pran jarèt ekonmik. Lakou lakay Soso2000 se tèt chaje! Rezidans li, machinn li, espas kote ke lap viv la fè kenken ak mak “Soso2000” la ki sa mak fabwik gwo Chèf kwizinn Otantik Otèl Marriott la. Apa de sa, anbyans bay moun manje e bwè san peye, se te yon lòt pwatik ki te trè fò lakay Soso2000. Li pat jamè bwè ni fumen, men li te renmen kreye plezi pou jènn yo anpil! Li fonde plizyè djazz, pami yo ou jwenn “Citizen Band.”

Pran plezi ak pèp lakay li, fè fèt ak griyen dan ak yon popilasyon ki pa gen aksè ak oken sèvis sosyal, se sèl mwayen pou pase strès. Popilasyon Beauchamp an te tèlman fè gwo enpak nan vi Soso2000 ke li te toujou ensiste pou kadav li antere nan Beauchamp kèlke swa kote li ta mouri atravè lemon. Yon volonte ke fanmiy lan konte respekte, dapwè pitit fi defun an, Louitane ki te gen chans pou asiste l nan maladi l. Kouraj pou fanmiy Louissaint ak Elouidor san bliye popilasyon Beauchamp an ki fè yon pèt kolosal. Ke nanm Soso2000 repoze nan Lapè!

Leave A Reply