Grefye ayisyen yo demare yon grèv 3 jou

1,915

Pòtopwens______(TRiboLAND) Asosyasyon Nasyonal Grefye Ayisyen (ANAGH) anonse yon grèv 3 jou won kon djondjon ki kòmanse jodi madi 21 pou rive 23 desanm 2021 an nan objektif pou denonse iresponsabilite ak pasivite minis jistis la, Bertho Dorce ki chwàzi pa chita pale avèk yo.

Grefye yo ki pa sispan rale zèl kàt akò 3 novanm 2017 la, raple plizyè antite ki te sinye l la, ke ofisye jistis yo pa janm resevwà pwivilèj ki te fè objè akò a tankou: fòmasyon kontinu pou grefye yo ak posiblite pou patisipe nan konkou renouvèlman majistra yo nan lekòl majistrati a.

Comments are closed.