OCEP: yon lekòl pwofesyonèl k ap bay sèvis gratis, nan plizyè komin nan depatman Nòdwès la.

681

12 – 03 – 2023

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) École Professionnelle Osnel Clairilus, se yon enstitisyon pwofesyonèl ke Clairilus Osnel mete nan plizyè zòn nan depatman Nòdwès la, pou fòme jèn gason ak jèn fanm gratis, kèlkeswa apatenans patisipan yo.

Objektif yon parèy lekòl pwofesyonèl, se rive batay kont delenkans jivenil la kap taye banda depi yon bon bout tan atravè peyi Dayiti.

Li enpòtan pou konnen, OCEP deja disponib nan zòn nou pral site la yo, Pòdpè, nan lokal M. Benèt la chak samdi, Sen-Lwidinò pral louvri nan kèlke jou, Zile Latòti ap genyen pou louvwi apati premye semèn janvye 2024, Dupré komin Bèdeyèn, ap ofwi seyans yo nan lokal pwesbiteral la, Bèdeyèn pral gen pwòp anèks li, Jan-Rabèl ap ofwi seyans yo nan lokal Dominique Salvio, Mawouj ap ofwi aksè nan lekòl Nasyonal la, Mol-sennikola nan Lise a, Bonbadopolis nan lekòl Nasyonal Bèl Doren, poun site sa yo sèlman.

Kalewès ak inyorans pa bay! Yon jèn, yon metye gratis! Pa rete chita lakay nan fè chay ak retay!

Comments are closed.