Dram nan Okap : Yo dekouvri twa kadav nan yon machin nan zòn Baryè Boutèy

273
0
Share:
TRiboLAND

01/06/2026

Kap Ayisyen, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon gwo dram dekouvri nan vil Okap, kote moun yo rive jwenn twa (3) kadav andedan yon machin nan zòn Baryè Boutèy: vant yo anfle, bouch yo t ap bay san. Pami viktim yo, gen yon fanm, yon gason ak yon timoun.

Jij de pè ki te sou plas la fè konsta a jodi madi 6 janvye 2026 lan. Daprè pyès idantite otorite yo jwenn sou viktim yo, mesye a rele Gustave, pandan fanm nan rele Wiltana Gustave. Jiskaprezan, pa gen okenn detay ofisyèl ki pèmèt konnen kòz lanmò twa moun sa yo.

Otorite yo louvri yon ankèt pou fè limyè sou sikonstans trajedi a.
Pou rapèl, yon ka ki sanble anpil te deja anrejistre nan vil Okap nan dat 17 desanm ki sot pase a, kote yo te dekouvri yon fanm ak yon gason mouri andedan yon machin nan zòn Bitcharye, toujou nan Okap.

Sitiyasyon sa a kontinye poze anpil kesyon sou sekirite ak krim misterye nan dezyèm vil peyi a. Pandan anpil moun soulinye gen rezon teknik an rezon mank konesans moun yo nan fonksyone ak machin ki kapab koz fòm lanmò sa yo.

Share:

Leave a reply