Federasyon Ayisyèn Foutbòl ekspwime gro bouch lonje pou fason yon seri raketè ap itilize logo òganizasyon an san respè ou otorizasyon

TRiboLAND.com
Nan yon nòt manman penba ke li mete deyò, Federasyon Ayisyèn Foutbòl la pa kache endinyasyon li fas ak yon seri moun ki pran yon malen plezi ap itilize “logo” federasyon an san onè, san respè, e san otorizasyon dèyè do lalwa avèk larèg.
Fedasyon deklare li konsène seryezman; li raple tout antite annafè yo ke “logo” se yon mak depoze li ye, e li pwoteje anba dwa otè, ki rele FHF chèmèt chèmètrès. Konsa, itilize san otorizasyon yon parèy pyès ou senbòl, se yon krim ki okazyone gro fas kare avèk lalwa.
Federasyon an rabat pou li raple, ke òganizasyon ofisyèl la se manm FIFA ak KONKAKAF ke li ye; kidonk, itilizasyon imaj li, menm jan ak logo tout lòt òganizasyon espòtif nasyonal, tonbe anba kontwòl Federasyon Intènasyonal Foutbòl e latriye.
Antouka, raketè ki pran pòz yo renmen peyi a, pandan ke y’ap pwofite detwi ou itilize imaj peyi a nan move kondisyon, bat chyen an e tann mèt li. Nan kad itilizasyon logo seleksyon nasyonal la nenpòt kòman, li enpòtan pou moun konnen ke genyen plizyè dwa marasa ki enplike e ki pwoteje kreyativite otè a, yon fason pou li benefisye de li.
Tout itilizasyon logo yon òganizasyon ki pa otorize pou fotokopi, enpresyon, modifikasyon ak anrejistreman, se vyolasyon yon seri dwa tankou: dwa otè, dwa patrimonyal ak repwodiksyon; sa yo se gro krim ki kapab trennen zèfèyis ou demolisè devan lajistis ak gro sanksyon legal.
Renmen seleksyon nasyonal la, se pwoteje ak respekte imaj li, tankou jan sa fèt pou tout lòt seleksyon atravè planèt la!






