Jwenn yon ti gout dlo pou sèvi nan Montòganize se yon veritab kaskèt chinwa

1,110

02-26-2023

Montòganize, Ayiti _______(TRiboLAND) Nan yon vizit TRiboLAND reyalize jounen dimanch 26 fvriye 2023 a, nan chèche detèmine mizèrere popilasyon yo nan boske ti gout dlo.

Lapli ki pa tonbe pandan yon bon bout tan, rann ti sous yo seche nan komin Montòganize. Jwenn ti gout dlo, se nan triche ak dekrase robinè ou byen sous dlo. Konsa, se tout yon kominote ki dezidrate! Daprè kèk moun, pou jwenn yon ti dlo pou bwè, se gwo konbinezon ak lapriyè; ou pa bezwen mande pou dlo pou benyen.

Daprè kèk abitan kap viv nan rejyon Nòdès la, gen plizyè mwa depi lapli pa tonbe nan zòn nan; konsa, sa rann sous yo pa gen dlo pou bwè. Nap raple Montòganize te toujou yon zòn jewografik kap fè fas kare ak enfrastrikti aprovizyonnman dlo potab.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Comments are closed.