Pòdpe Krim : Yon jèn gason blese mòtèlman nan zòn Pon Man Riboul

443
0
Share:
TRiboLAND

12/23/2025

Pòdpe, Ayiti ____(TRiboLAND) Yon jèn gason blese mòtèlman nan lannwit 22 pou leve 23 desanm 2025 lan, nan zòn Pon Man Riboul, nan vil Pòdpe. Sou jenòm lan, otorite yo rapòte yo jwenn yon zam afe ansanm ak plizyè telefòn selilè.

Divès moun nan popilasyon an fè konnen jèn gason an ta ka youn nan endividi yo souvan akize kòm bwakè ki abitye fouye moun nan zòn sa a. Sepandan, pa gen okenn konfimasyon ofisyèl sou idantite ni sou wòl viktim nan jiskaprezan.

Depi plizyè jou, abitan nan site Kapwa Lamò te deja lanse apèl bay fòs lòd yo, pou denonse prezans plizyè aks kote zenglendo konn pran pozisyon, mete sa yo rele katye jeneral yo, pou atake moun k ap pase, sitou nan lannwit. ‎

Share:

Leave a reply