Fondasyon Triboland : Plis pase yon santèn rezidan nan lokalite Larezèv resevwa yon jounen fòmasyon gratis sou fabwikasyon pwodwi chimik

12/20/2025
Larezèv, Ba Nòwès, Ayiti _____(TRiboLAND) Aprè ke lokalite Gayak nan Ba Nòwès te finn resevwa fòmasyon gratis Fondasyon TRiboLAND sou fabwikasyon divès pwodwi chimik, li pat pran tan pou moun Larezèv te benefisye egalman yon jounen aprantisaj ki te reyini plis pase yon santèn patisipan, vandredi 19 desanm 2025 lan.
Konsa, konpatriyòt sa yo ki te soti nan zòn Dosèt, Mopanach, Nan Gwayàv, Kadousèt e Basen Ble sou Jan Rabèl, te anime ak volonte ou detèminasyon pou yo pa rate yon parèy okazyon ke jèn nan rejyon an pat janm jwen. Genyen nan yo ki te oblije fè sakrifis pou mache pandan 2 èd tan; yon konpòtman ki mete an kesyon a ki pwen yo aswafe pou mete konpetans ak abilite nan tèt yo.
Gras devouman yon gwo gason kanson tankou mèt Chérichel Enock, popilasyon Larezèv la te gwoupe an feso, pou te resevwa sèvis Fondasyon TRiboLAND, tankou tè sèk ki te bezwen lapli. Fòmatè John Kervenst, ki se alafwa yon chimis e yon teknisyen kominotè, te bay tout sa li te genyen kòm konpetans ak teknik sou fabwikasyon pwodwi chimik, yon fason pou li te arive edifye yon odyans ki te an majorite chaje avèk jèn tout kalite.
Yon jounen ki te chaje avèk motivasyon ak detèminasyon pou aprann yon seri abilite ki kapab fasilite anpil debouche ekonomik ak rezistans fas ak delenkans jivenil ak pwostitisyon. Afen, toujou avèk yon sans devwa akonpli, Fondasyon Triboland santi li plis ke kontan pou te fasilite Larezèv benefisye yon seyans fòmasyon gratis ki te chita sou fabwikasyon diven, savon likid, jèl jelatina, pomad, pafen, penti, elatriye.
Pou repete aprè yon pakèt patisipan, yon parèy jounen aprantisaj, pat lòt bagay sinon ke yon kado Nowèl Triboland ki pral ba yo plis oryantasyon ak agouman fas ak nouvèl ane 2026 la.







Triboland ap travay wi laa