Nan kèk jou, se pral dewoulman fèt Nwèl 2025 lan ak kòmansman ane 2026 lan, aktivite ekonomik yo ralanti konsiderableman nan vil Jeremi

314
0
Share:
TRiboLAND

12- 20- 2025

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Selon temwayaj anpil moun nan popilasyon jeremyènn lan, pwatik pou moun boure nan liyn devan bank ou bwat transfè pandan peryòd fèt Nwèl ak fendane, bagay sa pwèske disparèt. Anbouteyaj ki te toujou ap manniganse devan Bank Nasyonal, Inibank ak lòt biwo transfè ki te konnen fè jwèt mèt dam ak kòd ameriken an, pa egziste ankò akoz pwoblèm transit.

Ki donk, se ensekirite sout fòm, daprè yon seri fanmiy nan vil Jeremi, ki toujou mete espwa yo sou paran ak fanmiy nan peyi lòt bò dlo. Genyen yon seri sitwayen ki rete kwè ke se gang ak otorite apatrid ki kondisyone peyi a nan kriz pèmanan pou yo kapab kontinye fè fòtinn.

Share:

Leave a reply