Pòdpè : Plizyè regroupman politik voye yon pinga seren bay KPT a atravè yon ti bat bouch ak laprès

462
0
Share:
TRiboLAND

23 janvye 2025

Plizye sekte ak regroupman politik te leve vwa yo byen wo nan yon pwent près  pou bay yon pinga ak KPT a, epi gouvènman Didier Fils-Aimé a nan kad jwèt fiyèt lalo pou rekondwi ansyen prizonye Prizon sivil Pòdpè a, majistra vil Pòdpè a, Mesye Josué Alusma ki la nan pòs sila depi yon deseni.

Prezidan chanm komès depatman Nodwès la ki te gen lapawoli nan sikonstans lan, Mesye Jordan te tou profite nan sikonstans ti bat bouch la, anonse yon gwo kokenchenn manifestation kap genyen pou òganize nan vil Pòdpè demen 24 janvye 2025 lan nan lide pou di Josué Alusma yo pa ka wèl ak je nan tèt Mèri Pòdpe a ankò. “Abraham di ase”!

Prezidan chanm komès la rapouswiv pou li di ke chwa yon delege pou depatman Nòdwès la dwe fèt nan tèt kole ak tout sektè viv nan rejyon an; li pa kapab yon chwa gro bibit.

Daprè Royal Promo AP, sa genyen apènn 4 jou depi ke majistra Alusma, fè aparisyon li nan vil Pòdpè, aprè plis pase 8 mwa deyò yon minisipalite swadizan li te responsab. Kidonk, poulen an deklare nan yon pwen près ke li te deyò nan ka chèche travay ak otorite yo pou pote lavi miyò pou vil Pòdpè.

Lesly Romond

Royal promo plus multimédia

Share:

Leave a reply