Plis pase yon latriye polisye ayisyen melanje ak SWAT ak Gàdkòt dezète pandan yon te an tranzit nan peyi Etazini.

185
0
Share:
TRiboLAND

06/13/2021

(TRiboLAND) Yon gwoup polisye ayisyen ki te genyen pou ale pran fòmasyon nan peyi Giyànn (Fwansèz) ta sanble dezète nan moman yo te an transit nan peyi Etazini.

Nouvèl yo rapòte ke responsab konsène yo tap chèche tankou chyen fou polisye sa yo ki ta fè wout dekoupe nan mache pòs yo lakay Tonton Sam san onè san kontrandi. Otèl la ta sanble vid e yo pa jwen yon grenn polisye! Pami gwoup polisye sa yo ou jwen 13 polisye SWAT e 11 polisye Gàdkòt.

Jiska pwezan, responsab yo nan direction Police Nationale d’Haiti (PNH) a pa ko fè sòti oken nòt pou klarifye yon parèy ak dezèsyon ou defeksyon ki chaje avèk anpil nyaj sou tèt li.

Share:

Leave a reply