Ane sa a, Jounen mondyal batay kont SIDA rive nan yon kontèks ki pi difisil ke avan.

185
0
Share:
TRiboLAND

12/01/2025

Depi aprè administrasyon Trump lan koupe finansman plizyè pwogram USAID ak lòt inisyativ tankou PEPFAR (President’s Emergency Plan for AIDS Relief), anpil òganizasyon ki te konn travay nan kad prevansyon, tretman ak swivi PVVIH (Personnes Vivant avec le VIH) vin gen mwen resous.

Sa vin rann :
– Pwogram ki te konn ofri medikaman, edikasyon ak sipò sikososyal pou PVVIH, Jèn, Fanm ak lòt moun ki majinalize yo pran gwo frap
– ⁠Gen mwens aksè ak medikaman (ARV)
– ⁠Pa prèske gen sèvis swen regilye ankò
– ⁠Pwogram prevansyon sou wout kanpe

Sa pra l ogmante risk pou gen plis nouvo moun ki enfekte pa VIH/SIDA.

Donk, nan sans sa a li enpòtan pou nou sonje ke nou dwe sipòte moun k ap viv avèk maladi a. Oumenm ki pa genyen l kontinye pran prekosyon, pratike fidelite menm jan avè m, oubyen itilize prezèvatif.

Dr Berly Généus, 1e Desanm, Jounen Mondyal Batay Kont VIH/SIDA.

Share:

Leave a reply