LAPOLIS PARÈT SAN PITYE FAS A MOUVMAN LEVE KANPE YO NAN KOMIN WANAMENT

1,312

09-10-2022

Wanament, Ayiti _____(TRiboLAND) Miste-John Abellard denonse konpòtman lapolis ki antre nan lakou lakay li nan zòn Koujòl sou wout Nasyonal #6 la, yo bonbade lakay li ak gaz lakrimojèn.

Abellard fè konnen se devan pye l menm lapolis tire gaz, sa ki lakoz menm ti bebe yon lane manke mouri, pitit li ak mandanm li ki te deja malad manke viktim; se gras ak anpil ladrès ki fè yo pa toufe anba gaz lapolis.

Miste-John kontinye pou l di: Li pa enplike nan grèv, li pa wè rezon pou l ta parèt sible nan kad mouvman bloke lari nan zòn li an, jis pou lapolis ta antre al rale zam sou yo. Li proteste ak tout fòs li yon parèy konpòtman polisye yo li di ki manke fòmasyon pwofesyonèl.

Se regretab, anpil moun kouri kite kay yo, lapolis ap tire nan tout kwen e yo gaye zòn nan ak gaz. Li enpòtan pou sinyale, nan moman yon seri epizòd leve kanpe kont ensekirite jeneralize a, pwotestatè ki te anba gaz lakrimojèn, tap lanse anpil wòch ak boutèy dèyè menm kò lapolis sa ki toujou ap mande kolaborasyon yo.

Sòti mèkredi pou rive jounen jodia, lapolis krible e senyen gravman grav anba bal  5 moun.

Jn Simon Manex

Comments are closed.