Gwo lapli kap tonbe chak jou nan Wanamanent bay gwo kè kase nan divès zòn.

Sa fè enviwon plizyè jou, gro lapli toransyèl pa sispan tonbe chak apremidi nan divès rejyon nan Nòdès peyi Dayiti.
Wanament, Ayiti____(TRiboLAND) Menm jou mèri Wanament lan te pran inisyativ pou debleye lari a, gro lapli pat pran tan tonbe nan aprèmidi. Konsa, avalanche dlo desann okazyone vil Wanament vin pi sal pase jan l te ye. Lari Wanament, depi yon ti lapli tonbe tout lari a tounen rivyè, san konte kèk zòn ki konn sinistre.
Nan kèk zòn Triboland te pase nou kapab di se gwo dlo chak lapli fin tonbe. Popilasyon kap viv nan diferan zòn genyen gro laperèz pou si lapli a ta kontinye tonbe sitou nan zòn ki sansib pou inonde yo.
Divès zòn nan vil la sal tankou peny ti dan. Twonson wout segondè yo, estasyon Okap, estasyon moto Fòlibète, rantre zòn legliz Advantis la, pase zòn mache a: se fatra kap salye w; san konte kanal yo ki bouche ak fatra tout kalite.
Moman gwo lapli sila yo larivyè Masak, Tirivyè, larivyè Kanari toujou ap bay payèt e mete laperèz nan bonnanj popilasyon an ki anpànn Leta.
Nap raple gen plis pase 4 milyon dola PNUD ak ministè anviwònman gen nan men l pou konbat dechè.
Jn simon Manex, Triboland






