Lapolis flite e blese yon latriye bandi sangwen nan Ti Bwàdòm, Gromònn

1,226

08-05-2022

(TRiboLAND) Jan li te promèt sa, Polis Nasyonal fè sòti jodi vandredi 5 dawou 2022, yon nòt ki mete aksan sou operasyon deloje bandi gang ame yo ki mete group “kokorat san rat” KO. Selon bilan yo, fòs lòd yo arive flite e blese yon bon vale bandi e libere yon plizyè otaj nan Ti Bwàdòm, komin Gromònn nan depatman Latibonit.

Depi asasinay yon ajan UDMO semèn pase nan zònn Ti Bwàdòm. Fòs lòd yo detèmine e mobilize pou yo eradike  aktivite gang nan lokalite a. Se konsa, yo arive flite yon bon valè bandi. Nan yon espas 24 èdtan 9 bandi tonbe e 13 lòt blese e yo arive libere 13 otaj.

Nòt PNH la rapouswiv, operasyon ratibwàzaj ki deja genyen yon semèn, ap kontinye san rete jiskaske yo arive restore lòd ak trankilite piblik ki kapab fasilite sikilasyon lib e libè sou wout nasyonal numero 5 lan.

Comments are closed.