Jan sa te anonse pou jounen madi 04 Novanm 2025 lan, mèt Jean Michelet Seide prete sèman e enstale kòm nouvo Dwayen TPI Jeremi.

159
0
Share:
TRiboLAND

11- 04 – 2025

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Kòm anonse jounen madi 04 Novanm 2025 lan, ansyen jij enstriksyon Okay la, mèt Jean Michelet Seide enstale kòm Dwayen Ai tribinal premye enstans Jiridiksyon Jeremi an.

Seremoni enstalasyon ak prestasyon sèman an, te dewoule sou gro dispozitif lapolis; se prezidan Kou Dapèl Okay la, Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a, ak minis Jistis lan, ki te bay otorizasyon pou pwosede ak enstalasyon mèt Jean Michelet Seide kòm nouvo administratè tribinal sivil premye enstans Jiridiksyon Jeremi an.

Nouvo Dwayen an, anonse lòd, disiplin, respè ak aplikasyon la lwa; sitou nan kesyon moun kap volè tè ak ́kay sitwayen yo, mèt Jean Michelet Seide ale pi lwe pou di tout jij de syèj, jij enstriktè, jij depè dwe fini ak dezòd nan systèm lan.

Share:

Leave a reply