Nan yon nòt Revèy sitwayen Ayisyen mete déyò, li mande konsèy prezidansyèl la (CPT) pou pran bon jan dispozisyon pou ouvè peyi a ki fèmen depi plizyè ane.

917

05 – 07 – 2024


Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Atravè yon nòt pou laprès, Revèy Sitwayen Ayisyen mete déyò pandan weekend dimanch 05 me 2024 la, mande konsèy prezidansyèl la (CPT) pou pran bon jan desizyon pou ouvè peyi a ki fèmen depi plizyè ane.

Revèy Sitwayen Ayisyen felisite jefò tout aktè nan lavi nasyonal la ak entènasyonal la fè pou mete kolèj prezidansyèl la kanpe nan yon titan tou kout, mesye dam yo gentan rive mete yon prezidan nan tèt kolèj la, ki se Edgard Leblanc Fils. RCH pwofite salye arive ansyen senatè Edgard Leblanc Fils kòm prezidan nan tèt konsèy la, yo kwè, se pa yon kado, se rezilta fwi travay li te toujou konsanti epi pozisyon li te konn pran atravè peyi a, e sitou lè li te nan sena repiblik la.

Nan sans sa a, Revèy sitwayen Ayisyen mande konseye yo ak prezidan an, pou antann yo pou mete kanpe yon gouvènman ki pou ede mennen konba sa a e ki kapab repon’n ak atant popilasyon ayisyèn nan. Yo plede pou bon jan dispozisyon pou ouvè peyi a, ki fèmen depi plizyè lane.

Pati (RCH) di “viv yon lòt Ayiti tou nèf pou lavi ak lapè retounen pou pèp la viv san kè sote!

Comments are closed.