Nouvo atak ame nan vil Gwomòn : plizyè viktim idantifye

11/02/2025
Gwomòn, Ayiti _____(TRiboLAND) Bandi san fwa ni lwa atake yon nyèm fwa komin Gwomòn jodi dimanch 2 novanm 2025 lan, yon gwoup nèg sangwen ame te lanse yon atak san pitye sou vil Gwomòn, nan depatman Latibonit. Daprè plizyè temwen, atak la te dire plizyè minit, sa ki lakoz plizyè moun mouri ak plizyè lòt blese grav.
Pami viktim yo, Melifèt Ensikoni idantifye kòm youn nan moun ki pèdi lavi yo. Idantite lòt viktim yo poko revele nan moman an, selon enfòmasyon preliminè yo.
Nan dènye tan sa yo, bandi kap opere nan zòn Ti Bwadòm fè plizyè atak sou moun Gwomòn san yo pa janm jwenn oken repòs bò kote fòs lòd yo ki pa sispannmòde lage.
Pou kounye a, oken siy ni reyaksyon ofisyèl poko soti bò kote otorite lokal ak gouvènman santral la. Pandanstan, popilasyon Gwomòn lan leve vwa yo pou mande Leta koupyon an pran responsabilite li pou retabli sekirite ak lòd nan rejyon an, kote krim ak vyolans ap ogmante chak jou pi plis.






