Pòdpè pèdi youn nan pitit briyan li yo : Mèt Nestor Calixte vwayaje pou letènite

305
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpe, Ayiti ______(TRiboLAND) Komin Pòdpè kriye depa Mèt Nestor Calixte jounen jedi 16 oktòb 2025 la, yon nouvèl mare senti ki mete anpil moun konstènasyon. Mèt Nestor Calixte, youn nan briyan avoka ki te make bawo Pòdpè a, pati pou letènite.

Calixte te yon pwofesyonèl bèl longè ki te toujou sèvi ak konpetans li pou defann dwa moun, pou chache jistis ak verite nan dosye li te konn ap jere yo. Kolèg li yo nan bawo a, zanmi l, ak plizyè sitwayen rekonèt nan li yon nonm ki te gen respè, entegrite, epi ki te toujou dispoze bay bon konsèy.

Lanmò Nestor Calixte, se yon gwo pèt pou fanmi li, pou kominote legal la, epi pou tout moun nan Nòdwès la ki te konnen l ak apresye travay li. Ke nanm Mèt la, repoze nan lapè etènèl! Ke Gran Mèt Linivè a, konsole fanmiy ak zanmi nan moman doulè mare senti sila.

Share:

Leave a reply