Ouvèti pwemye Sant fiziko-terapetik ak fitness nan Nòdwès

843

08/04/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Oreste Michel Thervil ki se yon natif natal Gola, pwemye seksyon rural Pòdpè; se yon sitwayèn trè popilè nan Nòdwès e ki toujou makònnen depatman Nòdwès ak tout sa lap antrepran nan kàd vizyon li pou yon lòt kalite depatman, entwodwi yon lòt fwà ankò yon nouvo strikti, yon sant fizyoterapetik ak fitness ki pràl non sèlman desèvi popilasyon nòdwès la, men tou ki pwàl kontribwe nan pwomote yon sante ki djanm pou konpatriyòt ayisyen yo nan Nòdwès peyi a.

Oreste, ki malerezman nan tan pase yo, te jwen anpil dekourajman bòkote otorite ayisyèn yo nan egzajerasyon ou abu taks ke yo te toujou ap enpoze sou li chak fwà li te antrepran yon seri pwojè ki gen pòte sosyàl ak ekonomik pou pwofi devlopman depatman an. Yon seri konpòtman etatik ki te iresponsab e ki te oblije Mesye Oreste koutize lòt kominote nan domèn antrepwenè.

Oreste genyen 89 lane, li retounen nan sèktè biznis Pòdpè a pou pli bèl! Li estime aparisyon Sant Virgo Physiotherapy and Fitness, se yon gwo zèl kàt pou sa yo ki trè souvan apwè aksidan ou domaj kòporèl pa gen oken rekou pou entèvansyon terapetik sinon ke antre Pòtopwens pou aktivite reyabilitasyon fizik. Li rete kwè, se pa lajan ki modul pwimòdyàl yon parèy inisyativ; li fèt nan kàd pou kite yon bagay dèyè ki kapab sèvi sa yo ki riske viktim de mobilite redwit apwè aksidan akòz absans sèvis terapi fizik ki pa egziste nan depatman Nòdwès la.

Sant Virgo Physiotherapy and Fitness, lokalize li nan Virgo Plaza, nan vil Pòdpè. Demen jedi 5 wout 2021 an, (5:00 pm – 8:00 pm.) , se pwàl ouvèti ofisyèl yon parèy espas ki boure ak ekipman modèn dènye nivo. Kòmanse sou dyagnostik pase sou newo-estimulasyon pou rive sou readaptasyon ak tretman doulè kwonik san medikaman.

Comments are closed.